|
|
|
|
|
|
| ||
Kisa Fondasyon Sen Bonifas Pou Ayiti FèFondasyon Sen Bonifas an Ayiti se yon òganizasyon charitab ki pa la pou fè benefis kòb ki te kreye an 1983 grasa pawasyen legliz katolik Sen Bonifas ki chita nan vil Quincy, Eta Massachusetts, Ozetazini. Yon delegasyon pawasyen legliz sa a te pote yon ti valè lajan bay azil "Mother Teresa's Home for Children" nan Pòtoprens. Kalite mizè moun sa yo te wè nan kay sa a chanje lavi yo nètalkole. Gwoup moun sa yo te pran angajman pou yo rakonte zanmi yo ki ap viv Ozetazini ki kalite mizè yo te wè nan kote sa a. Pandan ane ki vini apre yo, Fondasyon sa a te bati yon lopital nan Fondèblan, yon vilaj ki gen apeprè 45.000 peyizan k ap viv ladann, lopital la se sèl sant sante nan zòn nan kote yon moun ki malad ka ale chèche laswenyay. Lopital sa a sèvi yon zòn ki kouvri 170 kilomèt kare, yon moun dwe mache 32 kilomèt pafwa pou vini wè yon doktè. Dilèm Ayiti Peyi Dayiti ki te pi bèl koloni ki te egziste nan tan lontan kote Lespay ak Lafrans t ap goumen pou yo posede li, vin tounen jounen jodiya peyi ki pi pòv nan pati latè sa a. Pitit li yo sitèlman gaspiye resous li te genyen yo kidonk pa rete anyen ankò pou yon moun ta rebati peyi a. Do mòn li yo fin kale, yo pèdi pye bwa yo a 97%. Ewozyon ak sechrès anpeche moun yo travay latè oswa gade bèt pou yo ka manje. Menm diri ki te yon danre peyi a ki te konn vann aletranje nan tan lontan, vin sitèlman ra se voye pou yo voye achte l lòtbò. Peyi a tounen yon dezas ekolojik kote pèsonn pa wè kijan pou moun yo soti nan kalamite sa a. Popilasyon peyi a se 8 milyon edmi moun. Pi fò nan yo pa jwenn dlo pwòp pou yo bwè, kote pou yo fè bezwen yo, limyè elektrik, wout pou deplase nan otobis, kay pou administrasyon piblik, sant sante ak lòt sèvis yon moun k ap viv pa bò isit jwenn fasilman. 80% Ayisyen pa fè ase lajan pou yo viv nòmalman, yo tonbe anba kategori moun pòv dapre sa Bank Mondyal deklare. 52% ladan yo pa konn ni li ni ekri, tandiske 70% pami yo se chomè san travay. Sèlman 54% timoun ki gen laj pou ale lekòl jwenn yon plas nan lekòl ki pa pi anfòm pase sa. Dapre kalkil, chak ayisyen kapab jwenn $ 390 pou fè tout depans li dwe fè pa ane (Per Capita) enpi sòm lajan sa a gen tandans bese toujou. Yon Ayisyen gen esperans viv 52 lane. Tout pwoblèm sa yo nou sot site la yo, mete sou difikilte lavi, voye yon Ayisyen lopital pi souvan ak maladi grav mizèrere. Gouvènman demokratik peyi Ayiti a, okouran tout bezwen pèp la genyen pou sèvis sante, edikasyon, sèvis sosyal anmenmtan li konsyan fòk peyi a ka rekonstri ekonomikman, politikman ak sa li genyen paske li pa jwenn gwo konkou nan men peyi etranje. Lopital Sen BonifaséLopital Sen Bonifas chita nan Fondèblan, pati sid peyi a, se yon sant sante prive ki pa la pou fè benefis lajan men ki la pou ofri sèvis sante pou 45.000 peyizan nan zòn nan. Lopital la gen 28 kabann ak doktè ki la lajounen kou lannwit pou trete moun malad grav, ka sibit. Nan ane 2000 la nou te mete anplis yon sal operasyon ak yon sant nitrisyon. Lopital Sen Bonifas resevwa 32.000 malad pa ane; kantite moun sa yo kontinye ap ogmante, sa pouse nou ajoute plis chanm toujou ak lòt sèvis ankò. Lopital Sen Bonifas se yon pwojè Fondasyon Sen Bonifas Ayiti, òganizasyon ki chita nan vil Randolph nan Massachusetts, USA. Doktè, enfimyè ak travayè lasante ayisyen annakò ak kèk kolèg ameriken travay ansanm pou fè pwogram lopital la mache toulejou. Yon administratè Kanadyen la pou kowodone aktivite yo ak pwofesyonèl ayisyen yo, sitou ak administratè medikal ayisyen an. Anplis, pèsonèl Lopital Sen Bonifas la toujou ap patisipe nan resiklaj enpi yo resevwa konkou pwofesyonèl ameriken tou dekwa pou yo ka toujou pare pou reponn kèlkeswa ka ki vini devan yo. Rezilta travay Lopital la sou plan sosyal ak anviwonnman Menmsi misyon fondamantal Lopital Sen Bonifas la se bay sèvis lasante, li gen efè tou sou devlòpman ekonomik, sosyal, anviwonnman zòn nan. Fondasyon an bay sipò li tou nan kominote a kit nan gwo, kit nan ti pwojè, enpi aksyon sa yo gen rezilta pozitif nan tout rejyon an. Youn nan premye inisyativ òganizasyon an se te bati yon lekòl, Lekòl Pawasyal Sen Franswa Zavye ki rive jodiya jis nan klas retorik. Pwogram bousdetid nou an montre klè enpòtans edikasyon gen pou nou paske se li ki pou ede peyi a soti nan malsite a. Edikasyon sou lasante ak aksyon kominotè se de pwogram kle pou lopital la. Nou sèvi ak enèji solèy pou limen limyè lokal nou yo, an ka rate nou gen yon dèlko pou kenbe limyè yo. Nou fouye pi atezyen pou jwenn dlo pwòp; nou gen pwojè pou fouye lòt pi toujou. Tout aktivite ak pwojè sa yo la pou amelyore lavi moun nan zòn nan.
Sipò Finansye
Se yon pèsonèl angaje ki administre Lopital Sen Bonifas enpi se poutètsa anyen pa gaspiye, tout bagay sèvi jan yo dwe sèvi ak yo kit medikaman, kit tan travay pwofesyonèl lasante yo. Popilasyon Fondèblan an louvri de bra pou li resevwa volontè yo, li apresye ak tout kè li kolaborasyon Fondasyon Sen Bonifas Ayiti a. Lopital la respekte diyite moun l ap sèvi yo enpi li trete yo chak ak respè enpi konpasyon. Lè nou pote sèvis lasante bay moun ki twò pòv pou yo ta pwokire tèt yo sèvis sa yo, nou mete anpratik ansèyman Kris la nan Matye 25:40: "Chak fwa nou te fè sa
pou youn nan pi piti pami frè m yo, se pou mwen nou te fè li." |
|
|
|
|
|
|
| ||
Background: From Birds Nest (in Flowers) by Toussaint August, courtesy of MedaliaArt.